Sou Konkou a - Dezyem edisyon Konkou Kontni An Kreyòl Kwaaze a.
Konkou Kontni An Kreyòl se yon inisyativ espesyal ke Kwaaze kreye pou ankouraje tout moun ki pale Kreyòl yo fè tande vwa yo nan espas dijital la. Objektif konkou sa a se montre richès ak kapasite lang Kreyòl la nan kreyasyon kontni, pandan n ap fè lang lan pran plis plas sou rezo sosyal yo. Nou vle wè kreyativite w nan fòm videyo, atik, mizik, tèks, ak lòt mwayen ki sèvi lang Kreyòl la.
Konkou sa a òganize pandan Mwa Kreyòl la, yon moman kote nou selebre lang ak kilti nou. Se yon gwo opòtinite pou w eksprime tèt ou, pataje istwa w, epi ede grandi kominote Kreyòl sou entènèt. Tout kreyasyon yo ap jije sou orijinalite, kalite, ak enpak yo sou pwomosyon lang Kreyòl la.
Pa rate chans sa a pou fè pati premye konkou sa a, e kontribye pou fè Kreyòl briye plis pase janm sa te fèt anvan!
Ekip La
Hudson Joseph
Kowodonate Jeneral
Anderson Elusca
Kowodonate Adjwen
Casseus Esperancia
Responsab anrejistreman ak swivi kandida yo/Sekretarya