Regleman ak Kondisyon

Règleman ak Kondisyon pou Konkou Kontni An Kreyòl

Byenveni nan Konkou Kontni An Kreyòl Kwaaze a! Anvan ou patisipe, li enpòtan pou ou byen konprann règ ak kondisyon yo. Tout patisipan yo dwe respekte règleman sa yo pou asire ke konkou a fèt nan bon jan kondisyon. Pa soumèt kontni si ou pa dakò ak règ yo.

1. Kalifikasyon Patisipan

  • Konkou a ouvè pou tout moun ki pale Kreyòl e kap viv an Ayiti, ki gen pou piti 18 lane e ki ka sevi korekteman ak yon telefon entelijan. 
  • Patisipan yo dwe gen kont sou platfòm Kwaaze a ke yo pral itilize pou fe diferan piblikasyon li yo e mande piblik li vote pou li.
  • Chak patisipan ka soumèt yon sèl kontni pou chak kategori tach yo.

2. Fòm Kontni ak Kreyativite

  • Patisipan yo lib pou yo kreye diferan kalite kontni (videyo, atik, mizik, tèks, elatriye) men kontni an dwe fèt an Kreyòl.
  • Kontni yo dwe orijinal epi pa dwe gen okenn vyolasyon dwa otè oswa dwa pwopriyete entelektyèl. Chak kreyasyon dwe sòti nan kreyativite pèsonèl chak patisipan.
  • Kontni ki gen pwopagann, vyolans, diskou rayisab, rasis oswa ki vize ofanse pesonalite ak fanm elatriye pa aksepte.

3. Dat Limit ak kondisyon pouw genyen

  • Konkou a ap fèt Nan 2 etap:

    1) komite konkou a ap gen pou seleksyone lis kandida ki valide yo a pati Google fòm Nan avan 17 oktòb nan yon Premye pati.

    2)kandida ki seleksyone yo ap resevwa yon kont “Kwaaze Pro” ki ba li aksè pou kòmanse pibliye kontni Sou diferan tach nap pataje ak li depi 19 oktòb rive 28 Oktòb Sou Kwaaze epi Komanse mande moun swiv li epi reyaji ak piblikasyon li kap konsidere kòm 60% vòt piblik epi 40 % vòt ap rete pou jiri a kap travay sou fon ak otograf kontni ki pibliye yo

4. Evalyasyon ak Krite Jijman jiri a

  • Kontni yo ap jije sou baz orijinalite, kreyativite, ak fason yo fè pwomosyon lang Kreyòl la.
  • Kontni ki enspire ak ranfòse prezans ak itilizasyon lang Kreyòl la sou entènèt ap gen chans pou benefisye 40 % vòt konfyans jiri a.

5. Dwa Pwopriyete ak Itilizasyon Kontni

  • Lè w soumèt kontni ou, ou dakò bay Kwaaze dwa pou itilize, afiche, ak pataje kreyasyon ou sou platfòm yo ak nan tout kanal kominikasyon ki gen rapò ak pwomosyon konkou a.
  • Patisipan yo kenbe dwa pwopriyete entelektyèl yo sou kontni yo, men yo bay Kwaaze pèmisyon pou itilize kontni yo nan sans pwomosyonèl.

6. Diskalifikasyon

  • Tout patisipan ki vyole nenpòt nan règleman sa yo ap diskalifye otomatikman.
  • Patisipan ki eseye plagiye oswa sèvi ak kontni lòt moun ap elimine san avètisman. (tankou kontni ki deja pibliye nan premye edisyon konkoua)

7. Rekonpans ak Anons Gayan yo

  • Prim
    Premye Ganyan:
    Dezyèm Ganyan:
    Twazyèm Ganyan:

  • Anons Chanpyon yo epi Remiz prim yo se pou  “31 Oktob 2025

8. Modifikasyon Règleman yo

  • Kwaaze rezève dwa pou modifye règleman ak kondisyon sa yo nenpòt lè san avètisman, men tout chanjman yo pral kominike bay patisipan yo atravè platfòm la.

Byen li ak konprann règleman sa yo. Avanw  patisipe nan konkou a, pouw konn dakò ak tout tèm ak kondisyon sa yo.

NB: Pou konkou a rive reyalize komsadwa ekip kwaaze a swete resevwa yon minimom 50 patisipan ki valide avan 17 oktob 2025 e nap bay yon mizajou sou kantite kandida valide nan dat 18 oktob 2025 la avan distribisyon tach yo .

Telechaje Aplikasyon Kwaaze a

Disponib sou Android 

Akey

Sou Konkou a

Regleman ak Kondisyon

Kontak

Konkou Kontni An Kreyol © 2025 Created by Tic Solution L.L.C