1. Byenveni sou sit ofisyel dezyem edisyon konkou kontni an Kreyòl Kwaaze a!
Nou trè kontan pou nou prezante w dezyem edisyon Konkou Kontni An Kreyòl, ke kwaaze, youn nan platfòm rezo sosyal Ticsolution an ap òganize. Konkou sa a se yon gwo opòtinite pou tout kreyatè kontni montre talan yo an Kreyòl epi ede grandi kominote a pi byen sou entènèt la.
2. Pwomosyon Lang Kreyòl Pandan Yon Mwa
Pandan Mwa Oktob la, nou vle mete limyè sou lang Kreyòl nou an. Se lang ki pote istwa nou, kilti nou, e li konekte nou kòm pèp. Nan Konkou Kontni An Kreyòl kwaaze a, nou vle ou pran angajman pou fè pwomosyon lang lan nan pataje eksperyans ou, epi fè lang lan pran plis plas nan espas dijital yo. Pa gen pi bon moman pase mwa Oktòb pou montre lanmou ou pou lang Kreyòl la!
3. Pa Ezite Patisipe nan 2em edisyon Konkou a, Montre Talan kreyatif ou!
Nou ankouraje w patisipe nan Konkou Kontni An Kreyòl la epi kreye kontni orijinal, epi kreyatif an Kreyòl. Se yon gwo okazyon pou ou fè tande vwa ou, kreye videyo, atik, meme oswa lòt fòm kontni ki reflete fyète w pou lang lan. Patisipe pou ranpòte rekonpans, men pi enpòtan ankò, pou ede devlope yon pi gwo prezans Kreyòl sou rezo sosyal yo! Enskri kounye a, epi montre talan ou nan lang Kreyòl!